[responsive_slider]

Devlopman Ann Ayiti Toutbonvre Kòmsadwa

 

Devlopman Ann Ayiti Toutbonvre Kòmsadwa

 

Genyen anpil pawòl k ap pale ann Ayiti sou devlopman: lotel ap konstwi nan Petyonvil, Pòtoprens ak Jakmèl, wout tou toupatou, Lopital ak klinik, ayewopò Okap, Okay kòm nan Lilavach, sant kominotè, santral elektrik, fòmasyon doktè –plis pase 500 diplome nan inivèste kiben– elatriye. Yo di tou anpil travay vin kreye depi de lane.

 

Tousa se bèl pawòl epi tou bèl reyalizasyon menmsi se pa tout ki vre: sepandan, kòm yo di lakay nou, rayi chen men di dan l blanch!

 

Men, genyen yon bagay ki manke nan tout pale anpil sa a: pa genyen yon konteks global ki pèmèt tout moun ki enterese toutbonvre sou keksyon devlopman an konprann sitiyasyon peyi Dayiti jounen jodi a kòmsadwa.

 

Pou ede moun konprann konteks devlopman nan lemonn –epi tou kote Ayiti kanpe an konparezon ak kèk vwazen l nan Karayib la epi ak lòt peyi ann Azi epi ann Afrik– mwen sèvi ak yon konsèp Nasyonzini defini ki rele Devlopman Imen.

 

Premye Rapò Sou Devlopman Imen (Human Development Report ann angle) te entwodi yon nouvo mwayen pou mezire devlopman ki konbine estatistik sou esperans vi, nivo edikasyonèl ak revni pa tèt pou devlope yon sèl Endèks sou Devlopman Imen, HDI ann angle. Se yon gwo ekonomis endyen — Amatya Senn ki resevwa Pri Nobèl pou travay li kòm ekonomis — ki te devlope konsèp sa a. Sa te reprezante yon gwo pwogrè lè Nasyonzini te vin kreye yon sèl estatistik ki sèvi kòm yon referans pou devlopman sosyal epi ekonomik. Pou chak dimansyon estadistik, HDI tabli yon maksimòm ak yon minimòm ant 0 epi 1. Plis HDI yon peyi wo, ant 0 epi 1, se plis peyi sa a devlope. Estatistik mwen prezante nan analiz sa a soti nan rapò Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (UNDP ann angle) ki pibliye ane sa a. Li analize epi klase 187 peyi, pami yo Ayiti.

 

Mwen mete estatistik 6 peyi sou yon menm tablo: Ayiti, yon peyi ki santral nan konparezon sa a, twa peyi (Dominikani, Jamayik ak Kiba) ki nan vwazinaj li nan zòn Karayib la epi tou Lend ak Nijerya ki se referans pou Lazi ak Lafrik. Tablo sa a nan yon dosye ki entitile: PWOFIL ESTATISTIK KONPARE POU SIS PEYI: AYITI, DOMINIKANI, JAMAYIK, KIBA, LEND AK NIJERYA

 

Angwo, peyi Dayiti genyen anpil reta parapò a vwazen l yo nan Karayib la (Kiba, Dominikani ak Jamayik ki klase 59, 96 epi 85 sou echèl HDI); epi tou Ayiti angwo sou menm nivo ak Lend epi Nijerya ki klase 136 epi 153. Bò kote pal, Ayiti klase 161.

 

Angwo, estatistik pou Ayiti bay gwo tètchaje: esperans vi lè yon moun fèt (62.4 lane), mòtalite timoun jiska 5 lane  (165 pou 1,000 timoun ki fèt vivan), mòtalite matènèl (350 manman ki mouri pou 100,000 nesans), pousantaj granmoun ki konn li ak ekri (48.7), ba anpil espesyalman lè nou konpare y ak estatistik pou Kiba — yon peyi ki se referans pou pifò peyi sou latè — kote estatistik sa a yo, nan menm lòd, se 79.3, 6, 73, epi 99.8.

 

Li enpòtan pou moun konprann kouman HDI esaye konpare 187 peyi kote nivo pri yo diferan. Pou konpare estatistik ekonomik nan peyi sa a yo, moun fèt pou mete y sou baz menm lajan oubyen monnen. Olye yo sèvi ak to dechanj sou mache komèsyal, pa egzanp ant goud ak dola, yo sèvi ak to dechanj ki baze sou Pouvwa Dacha Egalego (Purchasing Power Parity, PPP ann angle) ki pran an konsiderasyon diferans nan pri ki egziste nan ekonomi chak peyi sa a yo.  Revni nasyonal brit pou chak moun ki eksprime an Pouvwa Dacha Egalego bay yon evalyasyon estanda lavi nan chak peyi sa yo ki miyò. Sou baz sa a, se peyi Dayiti ki genyen pi move estatistik pase senk lòt peyi sou tablo an.

 

Kisa tousa vle di? Pou devlopman kapab fèt toutbonvre, kòmsadwa epi preseprese, fòk tout granmoun nan peyi a alfabetize; fòk tout timoun pase epi konplete omwen lekòl primè pou kòmanse; fòk lelit entelektyèl peyi a sispann radote –y ap fe sa depi lendepandans– sou ki lang ki pral sèvi pou sa: li pap janm fèt si l pa fèt an kreyòl!  Klinik fèt pou mete nan tout seksyon kominal peyi Dayiti kote 500 doktè ki jwenn fòmasyon Kiba fèt pou jwenn travay nan peyi y, espesyalman nan zòn kote yo soti, olye yo oblije kite Ayiti pou y al travay Sendomeng, Okanada, Anfrans, ann Espay… Sitiyasyon sa a reprezante yon eskandal nasyonal. Se sa yo rele lakay nou lave men siye atè!

 

Sa vle di tou mete moun travay pou netwaye vil peyi Dayiti; mete moun travay pou rebwaze mòn peyi Dayiti; sa vle di mete moun travay –nan konteks rebwazman—nan kreyasyon pak nasyonal ki pral bay endistri touristik bonjan bourad tou, elatriye…

 

Kote lajan pral soti pou fè tousa?

 

Genyen twa posibilite:

  • Dyaspora ki toujou voye anpil lajan bay fanmi y ann Ayiti –omwen de milya dola ameriken chak lane– menmsi anpil fwa nou genyen lenpresyon ayisyen k ap viv ann Ayiti –ki pran tèt yo twò souvan kòmsi se yo menm sèl ki natifnatal—trete n kòmsi nou genyen maladi dwèt long epi pa remake ke tout peyi ki reyisi devlopman y ak modènizasyon y –kòm Lachin, Tayiwann, Lakore di Sid, Lend, Dominikani elatriye—fè tou sa yo kapab pou atire dyaspora y,
  • Venezwela ki bay bonjan prèv li soti pou ede Ayiti toutbonvre: depi Chavez te rive opouvwa li bay peyi Dayiti plis pase yon milya dola ameriken. Men, atansyon: gouvènman pwogresis k ap dirije peyi sa a pa la etènèlman epi tou li kapab rive bouke ak nou si nou pa sispann gaspiye oubyen detounen lajan li bay nou, epi tou
  • Fòk lajan leta sispann pran chimen kwochi!

 

Kreyòl ekri, kreyòl konprann!

 

Maks Blanchè

(Max Blanchet)

8 Septanm 2013

Berkeley, CA

No comments yet.

Leave a Reply