Ayiti cheri pi bon peyi pase ou nanpwen 
- Fòk mwen te kite w pou mwen te kap konprann valè w
 
- Fòk mwen te manke w pou m te kap apresye w
 
- Pou m santi vreman tout sa ou te ye pou mwen
 
- Gen bon solèy bon rivyè e bon brevaj
 
- Anba pyebwa ou toujou jwenn bon lonbraj
 
- Gen bon ti van ki bannou bon ti frechè
 
- Ayiti Toma se yon peyi ki mè chè
 
- Lè w lan peyi blan ou gen yon vye frèt ki pa janm bon
 
- E tout lajounen ou oblije ap boule chabon
 
- Ou pakab wè klè otan syèl-la andèy
 
- E pandan si mwa tout pyebwa pa genyen fèy
 
- Lan peyi mwen gen solèy pou bay chalè
 
- Diran lane tout pyebwa ap bay lonbraj
 
- Bon briz de mè toujou soufle sou no plaj
 
- Ayiti Toma se yon peyi ki mè chè
 
- Kon w lan peyi blan ou wè tout figi yon sèl koulè
 
- Lanpwen milatrès bèl marabou, bèl grifonn kreyòl
 
- Ki renmen bèl wòb bon poud e bon odè
 
- Ni bèl jenn nègès ki konn di bon ti pawòl
 
- Lan peyi mwen lè tout bèl moun si la yo
 
- Sòti lan mès ou sòti lan sinema
 
- Se pou gade se pou rete dyòl lolo
 
- A la bon peyi se ti Dayiti Toma!
 
- Lè w lan peyi blan ou pa wè mango ni kòk di tou
 
- Lanpwen sapoti ni bèl kayimit vèt ou vyolèt
 
- Lanpwen zanana ni bèl ti pòm kajou
 
- Ki ban nou bon nwa pou nou fè bon ti tablèt
 
- Ou jwenn zoranj ki soti an Itali
 
- Men qui fennen qui toujou mwatye pouri
 
- An Ayiti sa si bon se koupe dwèt
 
- E sou se rapò nou bay tout peyi payèt
 
- Lè w lan peyi mwen kote ou pase tout lon chemen
 
- Se bonjou kompè e makomè e pitit la yo?
 
- Sa’n pa wè konsa manyen rentre ti bren
 
- Pou’n bwa ti kichoy pou nou jwe de ti kout zo.
 
- Fin bay lan men se rentre lan gran pale
 
- Se politik se movèz sitiyasyon
 
- Sa pou nou fè se pou nou pran li kou l ye
 
- Men bon Dye si bon la ban nou benediksyon
 
- Lè w ou lan peyi blan ou pè promennen nwit tankou jou
 
- Tout moun pè mache prese prese wa di se chen fou
 
- Kote yo prale pouki yap kouri konsa?
 
- Yo pè pèdi tan yo pa janm di: kouman sa?
 
- Lan peyi mwen moun pa rete avek lè
 
- Genyen libète ou gen tan pou pran frechè
 
- Kote ou pase se bonjou se bay lan men
 
- Moun pa janm prese yo koze tout lon chemen
 
- Lè w an Ayiti ou pa janm manke tan pou soufle
 
- Sak pa fèt jodi ou kap fè li demen si ou vle
 
- Kan demen rive kel bon ou kel pa bon
 
- Sa pa fè anyen tout moun konn di bon dye bon.
 
- An Ayiti moun pa janm dezespere
 
- Nou gen la fwa lan yon Dye ki pa janm manti
 
- Nap fè jodi kan demen pa asire
 
- A la bon peyi o mon Dye, se Ayiti!
 
	
	
	        
			
	     
            
                
            
		          
		
     
	
	
	
	 
 
 
No comments yet.