Sou kreyòl ak wòl li nan sosyete peyi Dayiti:

 

Kounye a se tou pa m

 

Anpil kòmantè te afiche sou Windows-on-Haiti epi sou blòg Bob Corbett sou lang kreyòl ak wòl li nan peyi Dayiti.

 

Anpil nan kòmantè sa a yo te kòrèk, enpòtan epi konstriktif.

 

Depi kèk tan m ap reflechi sou nesesite pou m prezante lide m nan deba sa a tou.

 

M ap fè sa jodi a.

 

Premyèman, mwen ta renmen kòmanse ak kèk reyalite ki vre toutbonvre:

 

1) kreyòl se yon lang ki vin envante nan Sendomeng e ki te rezilta entèraksyon mas esklav yo –ki te sòti nan 40 tribi diferan ann Afrik– ak kolon  franse yo. Pami premye èv literè ki ekri an kreyòl nou jwenn powèm,  “Lisette“, ki te ekri pa Duvivier de la Mahotière ak deklarasyon Sonthonax te pibliye an 1794 nan moman li te libere esklav yo — deklarasyon sa a te reprezante rekonesans legal yon reyalite defakto. Èv gwo ekriven nou yo nan ventyèm syèk lan — pami yo Morisseau-Leroy ak Franketienne— kòm kontribisyon esansyèl lengwis ann Ayiti epi aletranje pou kodifye lang kreyòl ta dwe sifizan pou konvenk yon obsèvatè ki genyen dout men ki genyen lespri l byen louvri ke n ap fè fas ak yon lang ki rich epi ki kapab transmèt tout nyans nan lespri yon moun lè li chwazi pou l eksprime lide l nan nenpòt ki domenn.

 

2) Tout ayisyen –yon popilasyon ki genyen 10 milyon moun ann Ayiti jodi a— pale epi konprann lang kreyòl. Si nou enkli ayisyen nan dyaspora plis popilasyon ki pale kreyòl an Matinik, Gwadloup ak Lagiyann, n ap pale de yon kominote ki genyen omwen 14 milyon moun e kidonk konparab ak popilasyon nan Fenlann, Dannmak, Olann, Syèd, elatriye.

 

3) Se sèlman 15 pousan sou yon popilasyon ki genyen 10 milyon moun ki pale franse. Pou plis presizyon, pa genyen plis pase 15 pousan nan popilasyon an   –e sa se yon pousantaj ki wo anpil– ki fonksyonèl toutbonvre an franse.

 

4) Kanta pou rès popilasyon an –si nou aksepte estatistik Nasyonzini (PNUD) parapò a pousantaj moun ki iletre ann Ayiti– an gwo nou kapab di genyen 3,750,000 moun ki iletre nan peyi a. Pou ilistre estatistik malouk sa a, m ap fè yon obsèvasyon senp: mwen toujou etone konstate kantite sitwayen parèy nou –moun ki entelijan, pale byen, byen abiye epi k ap travay di– men ki pa kapab ranpli fòmilè imigrasyon amekiken kòm ayisyen sou vòl alevini Pòtoprens Miyami.

 

5) Finalman, mwen kwè ke yon obsèvatè san patipri ta rekonèt fasilman ke fason ki pi rapid epi efikas –epi tou, nou kapab ajoute, ki pi jis, pi fasil sikolojikman epi demokratatik– pou reyalize modènizasyon peyi a –politikman, ekonomikman, epi parapò a edikasyon ak sante piblik, elatriye– nesesite pou leta sèvi ak lang kreyòl pou atake pwoblèm anafalbetis masif.

 

Ki sa ki dwe fèt?

 

Mwen pral soumèt kèk lide ki kapab aplike ak lespwa yo pral konplete anpil bonjan kòmantè ak sijesyon ki te afiche pa patisipan yo sou lis   Bob Corbett la epi sou Windows-on-Haiti.

 

1) Yon kanpay alfabetizasyon pou anseye granmoun li ak ekri kreyòl. Vwazen nou nan Kiba te kapab fè sa byen vit epi byen bonè pandan revolisyon Kiben an. Nan Nikaragwa, pwogrè rapid te vin fèt nan menm jan tou. Nan anpil lòt peyi nan lemonn, gouvennman sosyalis menm jan ak sa ki pa sosyalis toujou mete gwo priyorite sou eliminasyon analfabetis rapidman. Nan ka Ayiti a, objektif la ta dwe fè analfabetis bese rive mwens pase 10 pousan an 2004.

 

2) Yo ta dwe revize Lwa Minis Bernard te fè pou asire ke yo sèvi ak kreyòl kòm lang denstriksyon nan lekòl primè. Pou ranfòse egzijans legal sa a, Leta ta dwe fòse tout timoun pran egzamen nan fen lekòl primè an kreyòl sèlman. Pou evite ke moun akize m komkwa mwen ta vle elimine lang franse, fòk mwen souliye ke mwen p ap pwopoze pou yo entèdi lang franse nan nivo primè. M ap ensiste senpleman ke tout timoun –nan lekòl prive (omwen 75 pousan nan elèv yo) kòm nan lekòl piblik– demontre konpetans yo nan lang kreyòl nan fen sik primè a. Lekòl prive yo ta gen dwa chwazi kouman pou y anseye lang franse nan nivo primè. Li enpòtan pou n note ke genyen sèten lekòl lelit, tankou Saint Louis ak Lalue, kote yo anseye kreyòl nan klas primè ak anpil siksè.

 

3) Nan lekòl segondè yo kapab ranfòse itilizasyon lang kreyòl lè yo ensiste ke etidyan sèvi ak lang kreyòl sèlman lè yo pran egzamen final sou istwa ak literati ayisyen. Lekòl prive (omwen 75 pousan nan elèv yo) ta genyen anpil latitid asavwa kouman pou y satisfè kondisyon sa a. Nan lekòl leta yo, profesè ta gen dwa itilize de lang yo lè y ap fè travay yo. Pa egzanp, yo kapab fè kou yo regilyèman an kreyòl epi sèvi ak liv ki ekri an franse, omwen okòmansman.

 

4) Onivo inivèsitè, yo ta dwe ranfòse estrikti yo aplike nan lekòl segondè  kote yo ofri tout kou nan de lang yo men ak eksepsyon pou kou sou istwa ak literati ayisyen epi lengwistik kreyòl kote yo itilize kreyòl sèlman. Leta fèt pou bay Fakilte Lengwistik andedan Inivèsite Leta Dayiti yon atansyon espesyal pou l kapab devlope bonjan zouti pou lang kreyòl kapab genyen estati premye lang nasyonal. Pa egzanp, sa kapab nesesite, pami lòt inisyativ, tradiksyon an kreyòl èv klasik ki ekri an franse pa ekriven ayisyen tankou Madiou, Ardouin, Delormes, Firmin, Price-Mars, Roumain, Alexis, Chauvet, Marcelin, elatriye ak preparasyon yon diksyonè kreyòl ki kapab rele “Ti Dezi”, yon fason pou rekonèt travay ekstwadinè ke Pè Roger Désir, premye lengwis ann Ayiti, reyalize nan devlopman yon diksyonè kreyòl.

 

5) Pou kwape konviksyon anpil moun genyen –sitou pami moun ki kapab jwenn plis benefis si pwomosyon lang kreyòl ta fèt kòmsadwa– ke pwomosyon sosyal yon moun ap reyalize sèlman si li metrize lang franse, leta ayisyen ta dwe pran mezi pou asire ke kreyòl vin fonksyonèl toutbonvre andedan tout enstitisyon leta. Sa ta nesesite pou tout dokiman leta –kòm pa egzanp fòm taks, bòdwo, batistè ak sètifika lanmò, sètifika maryaj, tit pwopriyete, kòd legal, piblikasyon, anons ak diskou ofisyèl, elatriye) kapab disponib an kreyòl epi tou pou biwokrasi leta, espesyalman nan tribinal, enkouraje isaj lang kreyòl vin egalego ak franse nan tout aktivite la p fè. Objektif la ta dwe reyalize toutbonvre an 2004.

 

Menm si yo te sèvi ak lang franse ann Ayiti kòm yon zouti pou majinalize majorite nan peyi a, fòk nou pridan lè n ap eseye rezoud sitiyasyon malouk sa a pou nou kapab evite jete ti bebe ak dlo nou sèvi pou beyen l. Jan mwen note piwo nan atik sa a, pwodiksyon entelektyèl ansèt nou yo an franse vrèman reprezante yon fenomenn ki merite yo rann li aksesib a tout moun ann Ayiti. Anplis de sa, estrateji –non sèlman pou nou siviv men tou pou nou fè bonjan pwogrè kòm pwòp mèt tèt nou nan yon kontèks kote se enfliyans Ameriken totalkapital k ap dominen, sitou sou teren kiltirèl– ta dwe sèvi ak lang franse kòm yon zouti pou nou tabli bonjan relasyon kiltirèl ak Lafrans, Kebèk, ak Lafrik, espesyalman ak peyi nan kontinan sa a kote yo pale franse.

 

Kontrèman ak sa anpil moun te sijere, kesyon lang lan nan kontèks ayisyen an pa bezwen vin transfòme an yon lit amò ant lang franse ak lank kreyòl. Mwen kwè toutbonvre ke yon pwogram alfabetizasyon an kreyòl ak pwomosyon lang kreyòl kòm premye lang nasyonal ap byen sèvi lang franse ann Ayiti, paske majorite nan sitwayen nou yo pral pèsevwa prezèvasyon franse nan kilti ayisyen kòm yon eleman esansyèl nan pwoteksyon ak prezèvasyon sa ki espesifik nan kilti peyi Dayiti nan yon anviwònman ki difisil anpil.

 

Kreyòl ekri, kreyòl konprann!

 

Max Blanchet (Maks Blanchè)

 

20 janvye, 1999

Revize ann avril 2012

*) 10,00,000 x [(1-0.50) (1-0.15) (1-0.12)] = 3,740,000.

 

No comments yet.

Leave a Reply