Onè Respè pou Tout Manman

Onè Respè pou Tout Manman

 

Lè yon tibebe fèt

Premye moun li konnen

Se manman l.

 

Manman, se mo ki egziste

Nan plis lang ki pale

Sou Latè.

 

Manman, se sa ki fè fòs yon pèp,

Se sa ki mete gason ak fanm vanyan

Nan tout peyi.

 

Manman, se li ki fè tout grenn

Ki simen kapab tounen

Lavi.

 

Manman, se latè ki fè pyebwa pouse;

Se lapli ki soti nan syèl pou fè rasin donnen,

Se dlo ki etenn dife lè l ap fè twòp dega.

 

Pou tout manman k ap lite

Pou fè pitit yo konprann valè travay,

Pou tout manman k ap aprann pitit yo

Respekte moun ak defann lajistis;

 

Pou tout fanm Lafrik ak tout fanm

Lakoloni Sen Domeng

Ki te mete sou tè peyi nou

Gason ak fanm vanyan

Ki te goumen pou Lendepandans;

 

Pou tout pitit ki sakrifye lavi yo

Pou libere Ayiti anba ladiktati

Men ki, jodi a, pa la ankò pou di Manman yo Bòn Fèt,

 

M ap di: Bòn Fèt Manman

 

Teddy Thomas

10 me 1987

 

Mwen te ekri powèm sa a nan mitan lit pou demokrasi nan lane 1987.

Jodi a, m ap di tout Manman Ayisyen ki pèdi pitit yoak tout pitit ki pèdi manman yo

nan gwo malè 12 janvye 2010 ki souke tout peyi a:

 

Lè nen pran kou, je kriye;

Mwen santi doulè a avèk ou.

Chagren w se lapenn pou tout pitit peyi nou.

Kouraj, Travay, Solidarite.

No comments yet.

Leave a Reply