PWOFIL ESTATISTIK KONPARE POU SIS PEYI: AYITI, DOMINIKANI, JAMAYIK, KIBA, LEND AK NIJERYA

 

         PWOFIL ESTATISTIK   KONPARE POU SIS PEYI: AYITI, DOMINIKANI,    JAMAYIK, KIBA, LEND AK    NIJERYA                                                   Prepare pa Maks Blanchè (Max Blanchet) ,  8 Septanm 2013
KIBA DOMINIKANI   AYITI         4) LEND JAMAYIK NIJERYA
Endèks sou  devlopman  imen (HDI ann angle)     1,2,3) 0.78 0.702 0.456 0.554 0.73 0.471
Klasman parapò a HDI sou 187 peyi 59 96 161 136 85 153
Esperans vi lè yon moun fèt, lane 79.3 73.6 62.4 65.8 73.3 52.3
Mòtalite timoun jiska 5 lane sou 1,000 timoun ki fèt vivan 6 27 165 63 24 143
Mòtalite matènèl (kantite manman ki mouri pou 100,000  nesans) 73 150 350 200 110 630
Pousantaj granmoun ki konn li ak ekri, % 99.8 89.5 48.7 62.8 86.6 61.3
Revni Nasyonal Brit pou chak moun   an Pouvwa Dacha Egalego          (PPP, an US $ 2005),  5) 5,539 8,506 1,070 3,285 6,701 2,102
Kantite moun ki genyen telefòn fiks oubyen mobil  pou 100 abone 19.2 99.8 40.5 64.3 127.5 55.8
Popilasyon total an  milyon   moun 11.25 10.18 10.26 1,258.35 2.76 166.63
Dansite  demografik,   kantite moun pa mil kare/oubyen kilomèt kare 265/102 544/210 957/370 991/383 650/251 467/180
1) Premye Rapò Sou Devlopman Imen (Human   Development Report ann angle) te entwodi yon nouvo   mwayen pou mezire devlopman ki konbine estatistik sou esperans vi, nivo   edikasyonèl ak revni pou devlope yon sèl endèks sou Devlopman Imen, HDI an angle. Se yon gwo ekonomis   endyen — Amatya Senn ki resevwa Pri Nobèl pou travay li kòm ekonomis — ki   te devlope konsèp sa a. Sa te reprezante yon gwo pwogrè lè Nasyonzini te vin   kreye yon sèl estatistik ki sèvi kòm yon referans pou devlopman sosyal epi   ekonomik. Pou chak dimansyon estadistik, HDI tabli yon maksimòm ak yon   minimòm ant 0 epi 1. Plis HDI yon peyi wo, plis  peyi sa a devlope. Estatistik mwen prezante   nan analiz sa a soti nan Rapò Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (UNDP ann angle) ki pibliye ane sa a.   Li analize epi klase 187 peyi nan lemonn, pami yo Ayiti. 

 

2) Mwen mete 6 peyi sou tablo sa a: Ayiti, yon peyi ki santral   nan konparezon sa a, twa peyi (Dominikani, Jamayik ak Kiba) ki nan vwazinaj   li nan Karayib la epi tou Lend ak Nijerya ki se referans pou Lazi ak   Lafrik.

 

3) Angwo, peyi Dayiti genyen anpil reta parapò a vwazen l yo nan   Karayib la (Kiba, Dominikani ak Jamayik ki klase 59, 96 epi 85 sou echèl   HDI); epi tou Ayiti angwo sou menm nivo ak Lend epi Nijerya ki klase 136 epi   153. Bò kote pal, Ayiti klase 161.

 

4) Angwo, estatistik pou Ayiti bay gwo tètchaje: esperans vi lè   yon moun fèt (62.4 lane), mòtalite timoun jiska 5 lane  (165    pou 1,000 timoun ki fèt vivan), mòtalite matènèl (350 manman ki mouri   pou 100,000  nesans), pousantaj   granmoun ki konn li ak ekri (48.7), ba anpil espesyalman lè nou konpare y ak   estatistik pou Kiba — yon peyi ki se referans pou pifò peyi sou latè — kote   estatistik sa a yo, nan menm lòd, se 79.3, 6, 73, epi 99.8

 

5) HDI esaye konpare 187 peyi kote nivo pri yo diferan. Pou moun   kapab konpare estatistik ekonomik nan peyi sa a yo, yo fèt pou mete y sou baz   menm lajan oubyen monnen. Olye yo sèvi ak to dechanj sou mache komèsyal, yo   fèt pou sèvi ak to dechanj ki baze sou Pouvwa Dacha Egalego (Purchasing Power   Parity, PPP ann angle) ki pran an konsiderasyon diferans nan pri ki egziste   nan chak peyi sa a yo.  Revni nasyonal   brit pou chak moun an Pouvwa Dacha Egalego bay yon evalyasyon estanda lavi   nan chank peyi sa yo ki miyò

 

 

 

 

 

 

 

.
No comments yet.

Leave a Reply